Kisa nou aprann nan DWA MOUN 301?

Posted .

Twazyèm nivo (Sesyon pèmanan):

 

1.       Pwosedi Kriminèl ak Sivil yo

 

Pwosedi a vle di tout chimen ki gen pou swiv pou pote yon ka nan tribinal, pou jije’l jiskaske yon desizyon sòti ak tout lòd pou yo egzekite’l la. Se poutèt sa li enperatif pou patisipan yo metrize pwosedi yo, pou yo ka rive fè ladiferans ant ka sivil ak kriminèl yo. Kidonk, y’ap fini pa konprann jagon jiridik yo epi  kapab idantifye e dokimante ka vyolasyon dwa moun ki komèt andedan tribinal yo.

 

2.       Demokrasi ak sitwayènte

 

Pou demokrasi tabli nan yon peyi, fòk genyen:

  • · Yon sosyete demokratik (kò sosyal la) ;
  • · Yon sistèm politik demokratik (leta a) ;
  • · Enstitisyon demokratik (lekòl, lafanmi, legliz) ;
  • · Sitwayen Demokrat.

Travay gouvènman an dwe eksprime volonte moun l’ap gouvène yo. Yon sosyete demokratik se yon sosyete ki louvri pou chanjman gras ak patisipasyon sitwayen yo. Pa gen Demokrasi san solidarite, san egalite san libète paske demokrasi mande yon kilti demokratik, yon pratik demokratik, yon panse demokratik siperyè ki dwe travèse tout gwoup ak klas yo.
Fòk gen tou amoni ant sosyete sivil la (legliz, sendika, lekòl, lafanmi) ak sosyete politik la (lame, lapolis, tribinal, prizon), sa vle di amoni ant fòs k’ap pèsyade an e ak fòs k’ap reprime an.
Ayiti te fè eksperyans diktati depi lendepandans paske leta ayisyen an te toujou karakterize pa militaris, dèspotis, patrimonialis, enjistis, inegalite, kòripsyon ak esklizyon. Fòk yo chanje estrikti leta sa a paske tank li pa chanje pap janm gen demokrasi.
Epitou, patisipan yo va konprann poukisa yo dwe ajan transfòmasyon sosyal anvan ke yo vin monitè dwa moun.

 

3.       Dwa sosyo-ekonomik ak kiltirèl yo ak PAS2 la

 

Paske yo pa respekte dwa sosyo-ekonomik ak kiltirèl yo, demokrasi ayisyèn nan enkonplè ; li se yon demokrasi politik men li pa ekonomik. Egzanp: vòt la legal men se elektè yo ki inegal. Pwogram Ajisteman Estriktirèl la (PAS) se yon zouti lanmò. Se mete ekonomi nasyonal la andedan ekonomi mondyal la pou enterè antrepriz transnasyonal yo. Se sa ki karakterize : liberalizasyon mache finansyè ak komès la, privatizasyon antrepriz piblik yo, rediksyon mas salarial la pa revokasyon anpil fonksyonè leta, yon nouvo politik fiskal, elatriye. Konsekans li yo se : devalorizasyon lajan goud la, anvayisman pwodwi etranje yo sou mache a, ogmantasyon sou taks ke popilasyon an ap peye epi bès sou sa ke  konpayi yo menm ap peye, rediksyon anplwaye leta yo (50%), ogmantasyon to chomaj la. Nasyonzini menm rekonèt ke PAS la se yon vyolasyon dwa sosyo-ekonomik ak kiltirèl yo li ye. Yon repiblik demokratik ki vle leve popilasyon li an nan estad sitwayen, ta dwe pèmèt yo gen aksè ak sèvis debaz yo. Sa se devwa yon leta vrèman demokratik pou li garanti aksè a lajwisans dwa sosyal, ekonomik ak kiltirèl yo.
Nan nivo sa a, li vin klè pou patisipan yo ke dwa moun endivizib e ke yonn konplete lòt. Lè n’ap pale de dwa moun, nou pa dwe wè sèlman dwa sivil ak politik yo men tou dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl yo.

 

4.       Dwa moun ak siveyans

 

Ankèt / dokimantasyon sou yon ka vyolasyon dwa moun dwe pran kont de viktim nan, moun ki komèt krim la, kote an, dat lè sa te fèt la, kèk temwen ak prèv (sètifika medikal, pwosèvèbal, dokiman jidisyè), elatriye. Yo ta dwe verifye epi analyze enfòmasyon yo. Vyolasyon yo dwe bay klèman bon jan detay dapre dokiman legal yo tankou : Konstitisyon an, Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun ak lòt enstriman ki ratifye pa Leta ayisyen.

Rapò an se yon rezime, yon dokiman naratif, yon rezilta ankèt ki ekri apre verifikasyon ak analiz enfòmasyon ki te rasanble yo. Li prezante konsa :

 

–         Destinatè (A)

–         Ekspeditè (De)

–         Sijè

–         Dat

–         Entwodiksyon

–         Zak yo ak kòmantè yo

–         Rekòmandasyon yo

–         Siyati
Tèm sa a se zouti prensipal ke patisipan yo itilize lè y’ap dokimante ka sou vyolasyon ke polisye, ajan prizon, jij yo ap komèt, elatriye. Yo aprann tou mekanis pou yo kapab sezi done.

 

5.       Atelye travay

 

Patisipan yo divize an plizyè gwoup pou yo travay sou kèk ka espesifik (ipotèz). Answit yo rankontre nan yon seyans plenyè pou prezante travay yo epi reponn ak kesyon lòt gwoup yo. Alafen, yon reskonsab RNDDH fè rezime prezantasyon yo.