[rnddh-presse] Lè nou tande 'Akò ekonomik' nou ka panse yo bon, pa vre? Men eske ou te konnen...

RNDDH Info info at rnddh.org
Wed Sep 26 11:06:35 EDT 2007


*(tanpri voye bay tout moun ou konnen email enpòtan sa a!)*

*A.P.E*.  Se *Akò Patenariya Ekonomik.*  Se nouvo tip akò komès Inyon 
Ewopeyèn nan vle foure nan gòj peyi Afrik, Karayib, ak Pasifik yo

Lè nou tande "Akò ekonomik" nou ka panse yo bon, pa vre?  

Men eske ou te konnen, ak akò sa yo, *yo vle elimine ankò plis tarif sou 
pwodui kap antre nan peyi a*?  Preske 80% tarif sou pwodui Inyon 
Ewopeyèn te kapab elimine.  Se tarif sa yo ki reprezante yon gwo sous 
revni pou anpil peyi pòv.

Se vre, yon *bonjan akò komès* ak Inyon Ewopeyèn nan *ta kapab redui 
lamizè pèp Ayisyen an* -- men *sèlman si règ jwèt yo ekitab* epi si règ 
jwèt yo fè pwomosyon mache lokal an Ayiti.

Men jan y'ap prezante APE yo jounen jodi a -- règ yo pa ekitab ditou. 
 Si Karayib la vinn tonbe anba kòd akò sa yo jan yo ye a, agrikilti nou 
an ak ekonomik nasyonal nou an pral tonbe nèt ale e plis mizè pral blayi 
nan mitan sosyete a.

*Li lè, li tan pou tout Ayisyen ak Ayisyèn di NON a akò kòmès ki pap 
pwotèje peyi nou an, k'ap fè nou vinn pi pòv toujou.  *

Vinn patisipe nan yon *deba piblik* k'ap fèt jedi, *27 sektanm*, ki se 
*Jounen Mondyal Mobilizasyon Kont APE*, apati 2:00 pou rive 5:00 nan *Le 
Plaza* sou Chan Mas pou konnen plis sou sijè sa a epi pou dekourvi kisa 
ou menm kapab fè pou pwotèje ekonomik peyi ou a!

*Kowalisyon Nasyonal "BARE APE"*
PAPDA -- SOFA -- Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen - RNDDH -- MODEP -- GARR -- 
ActionAid -- CHANDEL -- MCC -- RAJES -- Oxfam -- Broderlijk Delen
-------------- section suivante --------------
Une pi?ce jointe HTML a ?t? nettoy?e...
URL: http://rnddh.org/pipermail/rnddh-presse_rnddh.org/attachments/20070926/c2d03e8f/attachment.html 


More information about the rnddh-presse mailing list