[rnddh-presse] Eske ou te konnen tarif sou gwo sak diri...

RNDDH Info info at rnddh.org
Wed Sep 26 11:09:56 EDT 2007


*(tanpri voye bay tout moun ou konnen email enpòtan sa a!)*

*Eske ou te konnen* tarif sou gwo sak diri k'ap antre Ayiti ki soti lòt 
bò dlo a se *sèlman 3%*?  Pou lòt peyi nan rejyon an se ant *35-45%.*

Se sak fèk peyi rich yo kapab *bonbade pwodui yo*, tankou diri, an Ayiti 
*nènpòt jan yo vle*.

Depi denyè 20 lane, politik neyoliberal ap kraze ekonomi nasyonal nou an.

Nouvo pwopozisyon akò ekonomik, ki rele *APE, *Inyon Ewòpeyèn nan ap 
pwopoze peyi Afrik, Karayib, ak Pasifik yo ap mache nan menm lojik la.

*Li lè, li tan pou tout Ayisyen ak Ayisyèn di NON a akò kòmès ki pap 
pwotèje peyi nou an, k'ap fè nou vinn pi pòv toujou.  *

Vinn patisipe nan yon *deba piblik* k'ap fèt jedi, *27 sektanm*, ki se 
*Jounen Mondyal Mobilizasyon Kont APE*, apati *2:00 pou rive 5:00* nan 
*Le Plaza* sou Chan Mas pou konnen plis sou sijè sa a epi pou dekourvi 
kisa ou menm kapab fè pou pwotèje ekonomik peyi ou a!
-------------- section suivante --------------
Une pi?ce jointe HTML a ?t? nettoy?e...
URL: http://rnddh.org/pipermail/rnddh-presse_rnddh.org/attachments/20070926/794feaa5/attachment.html 


More information about the rnddh-presse mailing list